Close Menu
    Facebook X (Twitter) Instagram
    Radio Tele Lune - RTL
    Facebook X (Twitter) Instagram
    Radio Tele Lune - RTL
    Home»Jistis»Jeremi: Mèt Roosevelt François arete e bastone nan egzèsis fonksyon li. Li atik la ⤵️
    Jistis

    Jeremi: Mèt Roosevelt François arete e bastone nan egzèsis fonksyon li. Li atik la ⤵️

    RedactionBy RedactionSeptember 5, 2023No Comments2 Mins Read
    Facebook Twitter Pinterest LinkedIn Tumblr Email
    Share
    Facebook Twitter LinkedIn Pinterest Email

    Ansyen ko-animatè emisyon «Droit Sur Capital» la, Mèt François Roosevelt arete e bastone ayè lendi 4 Septanm 2023 a nan Pakè Jeremi nan kare Komisè Gouvènman an chèf la «Pyram» pandanl tap asiste kliyan li «Gesnaphta JOASSAINT» ki viktim vwadfè.

    Mtre Roosevelt François nan emisyon Droit Sur Capital 7 Août 2022. (screenshot live RTL).

    «Yè li te anviwon midi, Mwen te akonpaye yon kliyan ki rele Gesnaphta JOASSAINT, nan kare komisè gouvènman Jeremi an, André Marie Pyram ki viktim vwadfè. Aprè komisè a fin resevwa yon apèl li deside libere agresè a ke li te desène yon manda mennen vini kont li, kote li mande chak pati pou tounen lendi pwochen devanl ak kondisyon chak pati ap mache ak twa temwen, mwen te reponn komisè a, konsa: nou pap tounen devanl ankò, nap fè sa la lwa mande, temwen yo ap gen plas yo devan yon tribinal koreksyonèl. Li twouve se yon ensil li òdone 2 polisye ki afekte nan pakè a pwosede a arestasyon mwen» se deklarasyon Mèt François Roosevelt nan moman redaksyon nou te kontakte li.

    Pi lwen, Mèt la fè konnen ke li pap rete chita gade, lap pote plent pou «abi Otorite» e lap denonse li o nivo ministè jistis ak CSPJ.

    Mtre Roosevelt François ak Mtre Esaïe Belvu nan emisyon Droit Sur Capital 7 Août 2022. (screenshot live RTL).

    Yon lòt bò, Marie André Pyram selon divès sous redaksyon RTL kontakte, fè konnen se yon Komisè ki dekriye, se yon koriptè e yon kipid. Divès viktim ke redaksyon nou te kontakte ki pa vle non yo site, di nou ke komisè sa, se pa jistis lap bay men se pito vann lap vann li, ou gen kob ou bon, ou pa gen kob, kit ou te gen rezon kit ou pat gen rezon wap pran prizon. E yo pa santi yo ansekirite ak li.

    Anfen, viktim yo mande ak CSPJ, Ministè Jistis pou pran responsablite yo prese paske yo bouke ak aksyon Komisè a site powèt la.

    PHARMABEL pi bon pri ak pi bon kalite. ☎️ (509) 3779-9542 / 4108-0473

    Retrouvez l’actualité Éducatif, Politique, Sportive, Santé, Sociale, Culturelle, Économie, Religion, en Haïti et dans le Monde, sur notre site avec les reporters de partout. Nous sommes la RTL des radios et toujours au coeur des événements

    PARTAGER

    • Share on WhatsApp (Opens in new window) WhatsApp
    • Post
    • Share on Threads (Opens in new window) Threads
    • Share on Telegram (Opens in new window) Telegram
    • Tweet
    • Email a link to a friend (Opens in new window) Email
    • Share on Tumblr
    • Share on Mastodon (Opens in new window) Mastodon
    • Share on Nextdoor (Opens in new window) Nextdoor
    • Share on Bluesky (Opens in new window) Bluesky

    Related

    Abi Pouvwa
    Share. Facebook Twitter Pinterest LinkedIn Tumblr Email
    Redaction
    • Website

    Related Posts

    Le mystère de la survie d’un miraculeux des balles, d’un journaliste engagé !

    June 16, 2026

    Tunisie : L’appel pressant du CPJ et le cri de justice de Radio Télé Lune pour Mourad Zghidi

    June 15, 2026

    Comments are closed.

    Facebook X (Twitter) Instagram Pinterest
    © 2026 ThemeSphere. Designed by ThemeSphere.

    Type above and press Enter to search. Press Esc to cancel.